Youn pami 4 pastè ki te kidnape nan Kwa Dèboukè jwenn liberasyon kont ranson

897

01 – 09 – 2024

Kwa Dèboukè, Ayiti____(TRiboLAND) Youn nan 4 pastè ke bandi sangwen te kidnape nan kòmansman mwa janvye 2024 la, jwenn liberasyon li kont yon gwo magogo lajan, dapwè sa resposab Rezo Pwotestan pou defans Dwa Moun, paste Destiné Saint Pierre.

Pastè Saint Pierre soulunye ke te genyen senk moun ki te jwenn lanmò y oak plizyè latriye kay ki ensandye anba tèrè sangwen ame ame nan lokalite Koupon, Kwa Dèboukè.

Nan mitan gwo tribilasyon kaselezo sila, abitan yo estime ke se maswife key o ap moute nan plizyè katye nan komin Kwa Dèboukè akoz gwo konfwontasyon group bandi ame tankou 400 Mawozo ak Kraze Baryè kap kase pari pouf è dap piyanp sou yon seri tèritwa.

Comments are closed.