Endividi pèsòn pa rive idantifye ak gwo zam manch long kase BNC Kwadèboukè a.

833

Endividi pèsòn pa rive idantifye ak gwo zam manch long kase sikisal BNC kwadèboukè a.

03 – 03 – 2024

Kwadèboukè, Ayiti____(TRiboLAND) Tris nouvèl pou sektè bankè a nan depatman Lwès peyi Dayiti. Endividi pèsòn pa rive idantifye apre midi dimanch 3 mas 2024 la, kase sikisal Banque Nationale de Credit (BNC) Kwadèboukè a epi pote ale divès materyèl tankou, zam ak lajan.

Enfòmasyon ki rive jwenn nou nan sal redaksyon nouvèl TRiboLAND, ta fè kwè, endividi yo pote ale 2 M4 ak plizyè magogo lajan ki t ap dòmi nan kòfrefò a, san konte 2 ajan sekirite yo kidnape.

Anpil moun k ap obsève zak malonèt sa a ki fèt sou BNC Kwadèboukè a, yo ta fè kwè ke se zèv kriminèl baz gang 400 Mawozo ki genyen nan tèt li lanmò 100 jou, e ki achete komin nan lajan kontan.

Comments are closed.