Agwolife: enstalasyon yon rich myèl nan Tèminal Vare nan Site Solèy

797

08-28-2023

Site Solèy, Ayiti ___(TRiboLAND) Konpayi agwikòl “Agwolife” ke Enjenyè-Agwonòm Brouchelot Jean ap dirije, enstale yon rich myèl nan Tèminal Vare, jounen lendi 28 dawout 2023 a .

Konpayi agwikòl la, ki gen baz li nan depatman Nòdès ak Lwès kap fè pwomosyon sektè myèl la depi plizyè ane atravè yon seri fòmasyon san parèy. Konpayi agwikòl la, pote sipò bay pwodiktè siwo myèl nan divès minisipalite nan peyi a, tankou Monbin-Krochi.

11 jiyè 2023 ki sot pase a, konpayi agwikòl “Agwolife” te siyen yon kontra ak administrasyon Tèminal Vare a, pou enstalasyon yon rich myèl sou sit li nan Site Solèy. Konpayi an delivre egalman fòmasyon nan objektif pou asire antretyen rich la ak yon seri konsiltasyon. Nap raple, yon parèy kontra ap genyen pou dire anviwon twa mwa.

Comments are closed.