Mèt Jacques Lafontant, komisè gouvènnman Pòtopwens bay demisyon’l

251

Pòtoprens___(TriboLAND)  “Fas ak yon seri kontestasyon, mwen deside poum pa fè domestik ou, e mwen prezante’w demisyon mwen san pèdi tan”, se deklarasyon sa yo atravè yon korespondans ke ansyen komisè gouvènnman an, Jacques Lafontant fè nan yon korespondans ke li adrese a Minis Jistis Rockfeller Vincent.

Nan korespondans sa, Me Lafontant tou profite mete minis jistis la nan wòl li lòske li fè’l sonje yon pakèt derapaj ak deriv administratif ke minis Vincent te komèt pandan pasaj li kòm majistra nan tèt Lajistis la nan lane 2005 jiska 2009.

Antouka, pandan ke plizyè sèvitè PHTK ap bay demisyon yo tikal pa tikal, obsèvatè yo pa inyore tòchon anban anba ki te toujou ap bwile ant komisè gouvènnman nan tribinal sivil Pòtopwens la, Mèt Jacques Lafontant ak minis jistis la, Rockfeller Vincent ki ta sanble gen pou wè avèk diferan dosye jisdisyè.

Comments are closed.