Yon patwouy polisye ki pa manje anyen ki fwèt mete dòmi nan je yon gwo manm gang Tibwadòm

975

01 – 18 – 2024

Pòdpè, Ayiti___(TRiboLAND) Li te vè 7è aswè jodi jedi 18 janvye 2024 la, lè yon patwouy lapolis kwaze ak  Augustin Soliker alyas Mackenzy, yon gwo tonton manm gang Tibwadòm arive jwenn ak zo grann li nan likalite Ti Fon, akèlke kilomèt vil Pòdpè.

Mackenzy ki se yon gang kriminèl ki mete dlo nan je yon pakèt sitwayen ayisyen inosan, te espesyalize nan bwakaj ak kidnapping kont ranson. Annafè pwezime koupab la ta pral tonbe nan moman boukantaj kout zam ak lapolis ki detèmine pou eradike fenomèn gang lan nan nan Nòdwès peyia.

Kriminèl sangwen an, mouri tèt nèg, nan moman li tap tante afwonte patwouy polisye a, nan lokalite Ti Fon aswè jedi 18 janvye 2024 la.

Comments are closed.