Senlwidinò: Yon mès aksyon degras chante nan pawas Notre Dame du Mont Carmel, jodi dimanch 16 jiyè 2023 a.

933

07-16-2023

Senlwidinò, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan okazyon fèt patwonal Notre Dame du Mont Carmel, yon mès aksyon degras chante nan pawas Glasi Kouwo, 3èm seksyon Dègranj.

Yon seremoni ki te dewoule nan prezans vis delegasyon Senlwidinò ak Ansafolè a, Benoit Orel Homme, lameri, DGI, SEMANAH, reprezantan lapolis ak lajistis, san konte peleren ki soti nan tout ra kwen, pou vin selebre sen patwon yo ki pap fete depi sis lane.

Reveran pè Jonas Gué nan womeli sikonstans lan, mande fidèl katolik yo, pou yo konvèti si yo vle pou pawas yo rekonstwi tout bon vre. Yon lòt kote li mande pou tout moun patisipe nan travay rekonstwisyon sa a jan yo kapab, evite vanjans, paske vanjans lan pap mennen oken kote.

Pou’n raple nou, gen 6 lane depi gwoup bandi sanfwa ki te genyen nan tèt li, chèf gang Erick Prospere ki te deside kraze pawas la, mete tout moun deyò nan kanton an, akapare tout sa yo te posede, lage tout moun de bwa balan pou ale dòmi anba pon Rivyèba.

Se aprè lanmò gwo koure sila, nan mwa novanm dènye, tout moun yo te kòmanse retounen fè kèk ti kote pou yo rete se avèk anpil etonnman pou wè kòman moun yo te swaf chanjman sa nan kominote a.

Comments are closed.