Chapèl Gicha erije an pawas aprè 81 lane fondasyon li

822

08-28-2023

Senlwidinò,Ayiti__(TRiboLAND) Yon mès aksyon degras selebre nan chapèl Sen Augustin, premye seksyon Rivyèdènèg nan lokalite Gicha pou fete Sen patwon yo Augustin anmenmtan selebre chapèl la ki erije nan ran pawas jounen lendi 28 out 2023 a.

Chapèl Gicha te fonde 28 out 1942, vin tounen pawas 28 out 2023 a, aprè 81 lane ekzistans. Se avèk anpil emosyon pou wè kòman fidèl katolik yo soti nan tout bout kwen nan depatman an vin pote solidarite yo ak moun premye seksyon yo. Yo te rasanble nonsèlman paske yap fete fèt patwonal yo, men yo genyen yon nouvo Pastè nan mitan yo ki se reveran pè Brechnet Lordeus.

Reveran pè Roberson Pierre nan predikasyon li, mande fidèl yo pou di Bondye mèsi paske li mete yon nouvo Pastè nan mitan yo. Li mande yo pou yo byen konprann misyon ak fonksyon pè a nan pawas la ki se: anseye, gouvène ak sanntifye kominote a. Anseye laverite a, kondwi nan bon chemen epi sanntifye nan lavi ki pap janm fini an, anplis ede yo reyalize kèk bagay ki nan avantaj kominote a. Yon lòt kote pè Roberson ensiste sou misyon fidèl yo ki se patisipe ak kolabore nan tout aktivite pawas la gen pou reyalize.

Seremoni sa ki te dewoule nan prezans 11 pè ak yon dyak ki soti nan diferan pawas nan depatman an, relijye ak relijyez, komisè polis la, Gabriel Jean Baptiste, Kazèk, Azèk yo epi reprezantan dyaspora yo ki se Nicole Moline.

Pè Roberson ki te gen misyon pou remèt pè Brechnet chaj li, retire chazi ki sou li a pase li bay pè Brechnet an 3 pòs katechis ki sou pawas la.

Comments are closed.