Nèg ak zam krible anba bal yon jounalis emisyon “Maten Deba”

1,011

08-12-2023

Dèlma, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan lannwit vandredi 11 jiyè 2023, bandi ak zam krible anba bal Brown Larose, prezantatè ribrik “Pawòl Ghetto” sou Radio Télé Éclair, nan emisyon “Maten Deba”.

Daprè youn nan kolaboratè emisyon sila, Esaû César,  jounalis la te devan lakay li, Dèlma 33, Gérald Bataille nan moman bandi sangwen yo fè rafal katout zam sou jounalis la a.

Erezma e malerezman, Larose nan moman sa, ap pran swen nan yon sant ospitalye nan depatman Lwès peyi a. Antouka, pa genyen oken detay sou eta sante li.



Comments are closed.