Mèt André Michel riske pran bwa kale nan moman seremoni fineray jounalis ikonik, Liliane Pierre Paul

1,140

08-12-2023

Pòtopwens, Ayiti_____(TRiboLAND) Se prèske tout kote Mèt André Michel pase, lap subi atak popilè; konsa, li riske yon jou kite po li nan pèsiste irite popilasyon an ak pewzans li nan yon seri aktivite piblik.

Yon lòt fwa ankò, politisyen ayisyen rat do kale, Mèt André Michel riske kite po li nan men yon group militant politik ki manke enskri li nan pwogram “Bwa Kale” a nan moman seremoni finèb jounalis Lianne Pierre Paul maten samdi 12 dawout 2023 a.

 Si se pat gras ak entèvansyon fòs lòd yo, Mèt André Michel tap pran menm wout ak Jounalis Lilianne Pierre Paul. Yo repwoche, estratèj politik la, deske li nan reselè ak koupe rache ak pouvwa PHTK a, ki genyen Ariel Henry nan tèt li, kòm antite ki reyèlman bay Ayiti dènye kout mato efondreman an.

Plizyè annafè ou sispèk ki genyen dwàt tranpe nan dezas peyi a, te oblije demake bwitalman nan moman yon bon valè militant tap rele chalbarik dèyè do.

Antouka, kafe Mè André Michel manke koule avèk ma! Kidonk, yon lòt fwa ankò, li manke wè janvye avan Nwèl!

Comments are closed.