Yon gwo potorik gason nan sektè edikatif la nan Nòdwès peyi Dayiti di latè babay.

940

02 – 08 – 2024

Pòdpè, Ayiti___(TRiboLAND) Tris nouvèl nan Nòdwès. Louis Charles Sincères, ke tout moun konnen sou non mèt Sincères, bay latè do.

Mèt Louis Charles Sincères, direktè Kòlèj Martin Luther King nan Site Kapwa Lamò a, se te yon ansenyan chevronye nan divès matyè tankou fizik ak plizyè lòt disiplin ankò. Se te yon poto mitan nan domèn edikasyon an nan Nòdwès peyi Dayiti. Yon pilye ki pral kreye yon gwo vid nan sistèm edikatif la nan Nòdwès.

Enfòmasyon yo pa fè konnen nan ki sikonstans edikatè mouri; sepandan yon fè ki sèten, mèt Sincères ki fòme yon latriye jèn fanm ak jèn gason, pa avèk nou ankò. Sincères, ou devan e nou dèyè! Ke nanm ou repoze nan lapè etènèl!

Comments are closed.