Latèrè : Plis pase 30 moun mouri, divès kay kankannen epi yon kantite zannimo mouri nan kad atak bandi ame sansal fè komin Kenskòf

38
0
Share:
TRiboLAND

O8 – 24 – 2026

Kenskòf, Ayiti ____ (TRiboLAND) Gwo rèl ak masak sanginè nan komin Kenskòf pou yon inyèm fwa; plizyè moun pèdi lavi yo, divès kay boule epi anpil zannimo mouri anba kout bal bandi grapyay, nan kad yon atak inedi ke kriminèl yo fè nan komin Kenskòf nan lannwit dimanch 23 pou louvri lendi 24 dawout 2026 lan.

Enfòmasyon ki disponib yo ta vle fè kwè ke genyen pliske yon 30 moun ki mouri; alòske selon ajan egzekitif enterimè meri Kenskòf la, mesye Massillon Jean, se pi gwo tèrè ke Kenskòf pa janm konnen depi gang yo ap poze zak teworis nan rejyon an. Majistra a rabat pou li di ke genyen yon bon valè rezidans ki bwile san bliye komisarya ak legliz. Mete sou sa, sansal yo touye anpil cheval ak chyen pa bann ak pa pakèt. Sa ki pi rèd la, yo kenbe an notaj fondatè sant GHESKIO a ki se doktè William Pape.

Antouka, deblozaj Kenskòf yo pa sispann ap pase anba boul je yon gouvènman idyo ki genyen nan tèt li Alix Didier Fils-Aimé a ki nan konplisite ak yon kò mafya ou mèsenè etranje kap souse peyi a sou pretèks y’ap konbat gang.

Fas ak sitiyasyon sa ki fwa sa dejenere pou tout bon, prezidan konsèy minisipal Kenskòf la, Latèrè pa sispann lanse SOS initil bay swadizan otorite yo nan lapolis pou entansifye operasyon nan vil lan, nan lide pou mete boy nan pwa pitit Lisifè yo.

Nap raple, jounen jodi a, se kri detrès nan plizyè kay; genyen plizyè manm fanmiy ki arive mouri nan yon sèl fanmiy, san konte yon bon valè moun nan popilasyon ki kite komin Kenskòf ant yè dimanch lan pou rive jodi lendi a anba gwo van panik ak chape poul.

Share:

Leave a reply