Baz CIMO yo nan depatman Lwès peyi Dayiti se prensipal sib bandi ak zèl sapat yo nan Pòtoprens.

938

03 – 03 – 2024

Pòtoprens, Ayiti____(TRiboLAND) Apre bandi yo te fin anonse demolisyon Penitansye Nasyonal, prizon sivil Kwadèboukè a, Dèlma, Palè Nasyonal, poun site sa yo sèlman, deside vire djòl zam yo sou baz CIMO yo ki se sèl lòt enstitisyon sib kle pou yo sabote.

Sendika PNH la, SINAPOHA ki pap dòmi atravè yon tweet yo fè jounen dimanch 3 mas 2024 la, lanse yon SOS bay ala tèt Direksyon Jeneral Polis dekriye a Frantz Elbé, pou evite baz CIMO a tonbe anba pyèj bandi sangwen yo.

Yo pwofite okazyon sa a, pou fè ala tèt PNH la konnen, gang yo deja bloke Dèlma 3 ak 6 e y ap miltipliye manèv pou yo arive bloke twonson wout pis la, yon mannyè pou mete baz CIMO a nan mitan won san baton ki kapab deklentche sou yon lòt gwo dram.

Comments are closed.