Sheila Cherfilus Mc Cormick, yon depite ameriken anonse yon “entèvansyon militè pap padap” pou mete dlo nan diven gang sangwen yo nan peyi Dayiti

822

12-15-2022

Wachennton, Etazini______(TRiboLAND) Nan yo gro entèvyou ki li akòde VOA kreyòl, depite Sheila Cherfilus McCormick, ki se yon amerikèn dorijinn ayisyèn voye yon mesaj “depoze zam” bay chèf gang sangwen yo anndan peyi Dayiti.

Depite Sheila Cherfilus McCormick ki se manm Komisyon afè lòt bò dlo nan Kongrè Ameriken an fè konnen genyen yon plan pou yon fòs elit pap padap, ki pa manje anyen fwèt ap genyen pou antre 10 janvye 2023 pwochen nan peyi Dayiti, yon fason pou bay PNH la jarèt nan kad mete dlo nan diven chèf gang yo kap miltipliye krim anndan peyi Dayiti.

Nan moman entèvyui a, Cherfilus McCormick konfime ke li te genyen chita tande ak yon seri gro chabwak nan Òganizasyon Nasyon Tèl Kole yo, (LONI). Konsa, li fè li klè pou tout moun, ke se pa yon fòs kap antre pou li rete sou tèritwa nasyonal la. Sepandan li pa arive presize konpozisyon fòs militè sila.

Comments are closed.