Fenomèm volè machin lan, vinn yon fatalite nan vil Jeremi.

885

08-11-2023

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Fenomèm ensekirite jeneralize a pandan jou sa yo prezan sou divès fòm nan Grandans peyi a.

Òmdafè e enjenyè, Madoche Honore, fè konnen volè ale ak yon kanntè koulè blanch e wouj grena, plak TM 25506, mak HYUNDAI, yè aprèmidi nan moman li tap debake yon materyo, toupre komisarya santral la ki nan vil Jeremi.

Nap raple pa twò lontan sa, nèg ak gro zam otomatik, volè yon bis sou wout Jeremi-Okay lan; atoufè yo pote ale tout sa pasaje yo te genyen nan men yo.

Komèsan yo nan Jeremi, mande otorite konsène, garanti yo yon ti lòsyè sekirite pou byen ak vi moun kap degaje yo nan ti ekonomi enfòmèl nan Jeremi.

Comments are closed.