Politichyen KPT yo, Richyen PM Fils-Aimé, Enkapab ou konze direktè Rameau, fwa sa ki ekskiz ankò e ki tèritwa nou konte livre aprè Mibalè?

Enel Richard
KPT, Didier Fils-Aimé e Rameau fè li ankò! Finalman dirijan politik sangwen yo avèk konplisite direksyon polis nasyonal la montre aklè inyorans yo ke yo definitivman ap swiv san fot ajanda gang yo anndan peyi a. Ke popilasyon an revolte kont kalite initil sila yo ki konplis nan lanfè nwa sila ke sosyete a ayisyèn ap travèse.
Sa pa etonnan, pou kantite swa dizan fòs ki deklare ke yo vinn bay lakay sekirite, pou nivo zak banditis yo vinn pi deteryore ke lè yo pat ko la. Franchman, se yon konplo ki byen moute ak tout swa dizan konze san kè ki reklame yo kòm pitit peyi a. Se yon seri gang soulye sangwen ki antann yo avèk gang sapat pou vann peyia tan kou lo patat avèk kolon ki pa kache plan kriminèl yo genyen pou peyia.
Yon lòt kri detrès popilasyon an ke swadizan otorite raketè kòwonpi yo chwazi refize depi lanwit 30 mas pou rive maten lendi 31 mas 2025 lan. Dega gang yo fè nan komin Mibalè jounen jodia, se anprent konplo dirijan sangwen yo ki pa genyen yon kè moun e ki kontinye ap mare sosis yo nan egzekisyon plan kriminèl tòsyonè entènasyonal yo ki promèt yo gro fòtinn nan kad eksplòtasyon sousòl peyia an, patikilyèman nan depatman Lwès ak Plato Santral, kote ki sible pou eksplwàtasyon minyè.
Sa ki pi rèd, bandi yo debake nan komin Mibalè ak tout mayo ki ekri nan ki group gang ke yo sòti. Anplis, otorite responsab yo ba yo anpil tan pou yo avanse ak anjen lou (backhoe loader) pou materyalize atak yo jiskaske yo finalize operasyon kriminèl la; ekzòd interyè, komisarya ak machinn polis bwile, polisye leve kouri, prizon kraze e tout prizonye libere. Sa ki pi revòltan, sa genyen yon semènn edmi depi delege depatmantal la ap mande backup blende; se jous aprè gang konze PNH yo deplwàye fè aparisyon yo sou swadizan elikoptè pou fè show-off.
Ke KPT a ak tout vagabon ki nan tèt PNH la demaske yo nan figi pèp ayisyen an si reyèlman yo soti anndan vant yon manman. Ke kolè Bondye ekstèmine tout moso-moun ak sadik ki mete yon pèp san zam, san sekirite, san ankadreman nan yon soufrans amè ak tribilasyon ke oken lòt pèp pa janm konnen!
Selon otorite lokal yo, moun ki antèt peyi a merite tradwi devan lajistis entènational pou livrezon tèritoryàl ak zak konze mòde antrèt kont Ayiti. Yo avanse pou yo di, yo mande otorite yo blende depi plis pase yon semènn, depreferans yo voye pito plis pase yon santènn gang ba yo jodi lendi 31 mas 2025 lan.