SOS, SOS, SOS: Bandi sangwen Kanaan atake vil Akayè byen bonè maten an

663
1
Share:
TRiboLAND

10 – 10 – 2024

Akayè, Ayiti_____(TRiboLAND) Selon enfòmasyon ki arive jwen TRiboLAND, group bandi sangwen ki soti Kanaan atake vè 3 zè maten jodi jedi 10 oktòb 2024 la, avèk anpil vyolans komin Akayè. Group bandi san sal sa yo, selon kèk temwen deja nan wout, ap kraze e mete dife nan lokalite Bèsi prèske antre nan komin Akayè.

Moun zòn Vinye deja anba santi efè atak bann sanginè bandi Jeff Kanaan ap dirije. Abitan yo deja tonbe nan “sauve qui peut”, leve kouri ak timoun san destinasyon. Sangwen yo deja ensandye plizyè kay, alòske fòs sekirite kap jere Akayè yo poko fè santi prezans yo.

Bandi yo devlope taktik fèmen plizyè wout lokal, pou fasilite yo avanse sou zòn Nò a, yon fason pou kapab arive sible objektif yo ki se akapare komisarya Semeda a.

Nap raple, tèrè gang yo genyen anpil pou wè avèk konivans otorite malandren ak gang yo ki konnen ki lè e nan ki fason pou yo atake diferan rejyon. Anpil moun lonje dwèt sou nouvo komisè Jorès ki ta sanble genyen yon istwa ramifikasyon ak group gang kèlkeswa kote yo transfere li. Yo lonje dwàt sou komisè konpòtman Jorès kap kreye pasaj pou gang nan diferan komin ke li pase.

Antouka, fòs rezistans ki nan site drapo a, pa santi efò Leta a, ke yo akize kap livre peyia bay gang atravè yon plan ou yon konplo ki chak jou vinn parèt pi klè anba je nenpòt sitwayen ayisyen.

Share:

1 comment

Leave a reply