Nòdwès/ Edikasyon: Pwofesè Lise yo nan Nòdwès voye yon avètisman bay Ministè Edikasyon Nasyonal

0 527


Pòdpè___(TRiboLAND) Nan yon Konferans pou Laprès maten Vandredi 14 Fev. 2020 sa a, pwofesè Lise atravè 10 Kominn depatman Nòdwès la voye yon avètisman bay Leta Ayisyen, notàmman Minis Edikasyon Nasyonal la Pierre Josué Agénor Cadet pou fè l konnen, soti 2 Mas 2020 pou 6 Mas 2020, yo pral kanpe travay. Konsa, yo pral fòse mouche Letal peye tout pwofesè ki gen lèt nominasyon nan men yo depi digdantan. Anplis, egzije yo nonmen tout anseyan kalifye ki gen plis pase 5 lane depi yap bourike nan sal klas yo sans touche yon goud.


Pwofesè sa yo, dapwè sa yo di, ki gen yon volim responsabilite sou do yo, kontinye pou di ” sitoutfwa Minis Agénor toujou kenbe tèt rèd, yo gen pou yo pase yon lòt vitès siperyè paske yo estime gouvènman sa a plis envesti nan chime ak bandi alòs ke Edikasyon ki se yon zouti pou konbat soudevlopman nan yon peyi ap mache yon men douvan, yon men dèyè, selon Marcdonet Antoine, Kowòdonatè depatmantal UNNOEH atravè rejyon Nòdwès la, ki an menm tan Pòtpawòl pwofesè grevis yo.

N ap raple, gen pwofesè Lise nan Nòdwès ki gen lèt nominasyon nan men yo san touche yon goud ak pwofesè kalifye san lèt nominasyon nan men yo kap bourike nan sal klas yo depi plis pase 5 lane e ki deja abandone klas yo depi dat louvèti 2 èm Trimès ane Eskolè a.

Saint Jean Wiskis/ TRiboLAND

Leave A Reply