Mèri Pòdpè anonse ofisyèlman yo fèmen simetyè piblik Pòdpè a.

332
0
Share:
TRiboLAND

 Nan yon kominike ki pote paraf mèri Pòdpè, prezidan ajan egzekitif enterimè vil Pòdpè a, Josué Alusma, fè konnen yo pran desizyon pou fèmen simetyè a.

06-09-2023

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Atravè yon kominike ki pote siyati prezidan ajan egzekitif enterimè vil Pòdpè a, Josué Alusma, nan dat 7 jwen 2023 ki sot pase a, fè konnen, pèsòn pa gen dwa fouye twou pou antere kò san vi nan simityè Pòdpè a. Piblikasyon kominike sa, vle di fèmti ofisyèl simityè a. konsa, nòt la rapouswiv pou’l di ke simityè Lasalin lan ki twouve li nan 6èm seksyon kominal komin Pòdpè a, se nouvo simityè kominal Pòdpè a.

Annatandan, moun ki genyen kavo, tonbo kapab sèvi avèk yo pou tere mò. Pandan tan sa a, administrasyon an pwofite fè tout moun ki gen yon plasman kav, tonbo nan simetyè piblik la nan Pòdpè, yo genyen jiska 30 jiyè pou yo pase nan meri Pòdpè, pou yo ka anrejistre fòmèlman pandan  y’ap mache ak yon dokiman ki pwouve sa.

Josue Alusma ki pote sinyati li anba kominike sa yo fè konnen, administrasyon kominal PòdPè a pran desizyon sa yo, aprè yo konstate eta ou kondisyon anbarasant simityè a. Ajan egzekitif enterimè a fè konnen, tèren kite konstwi simetyè a vi n twò piti, popilasyon an ap ogmante, pa gen posibilite pou nou elaji espas la, ni pou ta pote yon reyabilitasyon.

Lòt bagay ki ta pouse administrasyon kominal Pòdpè a aji konsa tou, se nan sousi pou pwoteje anviwònman sant vil Pòdpè a. Se yon fason tou, pou fè respekte kò defen yo, pandan y’ap repoze yon kote ki pwòp. Otorite Minisipal yo pwomèt yon lòt kominike ap sòti pa lontan, pou di kòman yon sitwayen kapab genyen yon anplasman nan nouvo simityè Minisipal sa a.

Wi, sa genyen anpil tan depi moun ap rele amwey pou simityè Pòdpè a ki bezwen reyabilite ak dekonjesyone; sepandan, anpil moun deja ap kesyon entansyon minisipalite a ki pa janm konn pran yon seri responsablite nan vil Pòdpè; alòske, vini ak yon inisyativ parèy, eske se pa yon lòt sous lajan l’ap chèche pou fasilite yon lòt fwa ankò kòripsyon ke Minisipal ki tèt anba ap chèche. Depi ki lè Mèri Pòdpè a te sansib pou vil Pòdpè nan eta sa, daprè refleksyon plizyè sitwayen ki kalifye demach sila kòm inisyativ mèt dam.

Share:

Leave a reply