Òganizasyon Sove Nòdwès ap batay pou ede Leta lokal la, kenbe vil pòdpè ak zòn ki antourel yo pwòp.

1,003

Nou deside goumen nan tèt kole ak lamèri,poun fini ak kesyon “vil pòdpè”, se vil ki pi sal nan peyi Dayiti, se deklarasyon prezidan “òganizasyon Sove Nòdwès la” mesye Amincy Clavaroche.

06-09-2023

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Nan yon entèvyou li akòde TRiboLAND yo nan Nòdwès, prezidan òganizasyon Sove Nòdwès la, esplike kòman yon gwoup dyaspora ki sòti nan Nòdwès, deside kolekte kòb yo ansanm nan lide pou chanje eskanp figi vil natal yo kap patoje nan fatra ak labou depi djab patko kaporal.

Fonde nan dat 16 jwen 2019 nan lide pou ede site Kapwa Lamò a kenbe eskanp figil pwòp, nan zafè fatra ki, reprezante yon danje ak yon adrès sou vil la, “Save Northwest Inc”, ke tout moun konnen sou non “Sove Nòdwès”, gras ak yon estaf teknik deside jere kesyon fatra a.

Amincy Clavaroche

Pou jere kesyon fatra a, prezidan an, nan entèvansyonl fè konnen, yo genyen anviwon 60 manb aktif, melanje ak yon estaf komite direktè byen estriktire, kap kolekte anviwon 20 ak 25 dola chak mwa pou avansman travay yo.

Ak lajan kontribisyon manm yo, dapwè deklarasyon prezidan òganizasyon Sove Nòdwès la, Amincy Clavaroche, yo deja ache divès materyèl tankou: pèl, bourèt, ekipman, machin pou bwote fatra ak yon bakolodè ki deja sou dlo pou vin soulaje mendèv yo, epi rann travay la pi fasil.

Poze kesyon pou konnen kòman yo peye mendèv kap travay yo? Ak ki kòb yo achte gaz? Peye fè sèvis nan materyèl yo? Pou prezidan òganizasyon an, se kòb manm yo kolekte chak mwa, gras ak yon jesyon rasyonèl komite a, ki lakòz yo peye yo, 2 fwa nan yon mwa, swa chak 15 ak 30.

Konpoze ak anviwon 13 manm ki epapiye nan divès rejyon nan Etazini tankou: prezidan Amincy Clavaroche, vis prezidan Jean Robert Bénoit, Anomod Accius ak Sidney Étienne pataje sekretarya a, Mirline Petit trezoryè, Jean-Mary Vital, prefè disiplin, Verona Charles, Aules Louismar , Genina Dorval ak Les frères Guillaume ki se konseye; deside tout bon vre nan tèt kole ak mèri Pòdpè pou soulaje popilasyon an, nan zafè jesyon fatra a.



Comments are closed.