Jan Rabèl, SOS pou wout ansyen lekòl Betèl la ki menase sekirite sitwayen yo

278
0
Share:
TRiboLAND

10/11/2026

Jean-Rabèl, Ayiti _____(TRiboLAND) Manm popilasyon an lanse yon SOS bay otorite konsène yo pou yo entèvni sou wout ki pèmèt moun monte nan ansyen Lekòl Betèl la, nan bouk Jean-Rabèl. Wout sa a, ki mennen tou nan Mòn Pastè, reprezante yon gwo sous enkyetid pou moun k ap itilize li chak jou.

Dapre enkyetid sitwayen yo, move kondisyon wout la mete sekirite moun k ap sikile ladan l yo an danje. Sitiyasyon sa a rann deplasman yo pi difisil, sitou pou moun ki oblije pase nan zòn nan regilyèman pou rezon pèsonèl oswa pou aktivite kotidyen yo.

Devan sitiyasyon sa a, popilasyon an mande otorite lokal yo ansanm ak responsab konsène yo pou yo pran dispozisyon ki nesesè pou amelyore kondisyon wout la. Sitwayen yo espere yon entèvansyon rapid pou redwi risk aksidan epi fasilite sikilasyon sou aks sa a ki sèvi plizyè popilasyon nan zòn nan Ba Nòwès.

Share:

Leave a reply