Fòs lòd yo nan Komin Ènri refize egzekite manda kont 4 anplwayè nan biwo imigrasyon Gonaiv la.

169
0
Share:
TRiboLAND

Patrick Mentor, Fritzline St-Pierre, Miscardy ak Robenson ensikoni, se non 4 anplwayè biwo imigrasyon branch Ènri a, komisè Guillaume Guiverna, pase lòd pou arete pou tèt yo taka bastone epi blese, Eldieu Meteyer.

06-09-2023

Gonayiv, Ayiti____(TRiboLAND) Lapolis ak lajistis nan depatman Latibonit lan, ta sanble pap jwe nan menm djaz. Lapolis nan komin Ènri ki ta sanble ap defann enterè yo bò kote responsab biwo imigrasyon yo nan Ènri, deside san ezite, kanpe anfas desizyon chèf pakè Gonayiv la, Mèt Guillaume Guiverna, ki mande pou arete 4 responsab yo nan biwo imigrasyon an ki ta bastone Eldieu Metayer.

Non 4 anplwayè ki komèt zak malonèt sa a se, Patrick Mentor, responsab sèvis imigrasyon an, Fritzline St-Pierre ak lòt 2 akolit li ki se, Miscardy ak Robenson ensikoni.

Akize pou tèt yo ta ka maltrere Eldieu Meteyer ak kout baton, kalòt, kout pye, kite vin chèche sèvis nan biwo imigrasyon an, ap sèkile lib e libè, akòz fòs lòd yo refize egzekite manda chèf pakè Gonayiv la, ki te emèt depi nan dat 16 me ki sot pase a.



Share:

Leave a reply