Fondasyon MENAEM atravè manb li yo, lanse yon premye alèt sou tout 10 komin nan depatman Nòdwès la.

2,605

02/07/2022

Fondasyon Menaem, ki pote non Pierre Cadet MENAEM kap travay nan tèt kole ak fondasyon Vladimir Poutine, atravè manb li yo rive lanse jounen dimanch 6 fevriye 2022 a, nan tout 10 komin depatman nòdwès la premye alèt yo .

Konsa, divès reprezantan òganizasyon, sosyete sivil, peyizan, kòmèsan Kazèk ak Azèk te prezan nan lide pou te vin tande ki sa Pierre Cadet MENAEM konte fè nan kad fondasyon sila.

Pierre Cadet bò kote pa l di li pwè pou l ede ayiti atravè fondasyon l lan, nan divès domèn tankou: sante, agrikilti ak konstriksyon men ak kondisyon fòk pèp la anbwase mouvman MENAEM nan.

Yon lòt bò, Pierre Cadet estime ke otorite ayisyèn yo ap bare fondasyon an, lè l deklare yo fè divès tantativ pou yo vin envesti nan peyi dayiti menm jan sa fèt nan lòt 25 peyi, malerezman peyi enperyalis ak oligachi ayisyèn nan bare yo.

Pwofite okazyon tranbleman tè 14 dawou kite kraze rejyon sid la, fondasyon Menaem fwa sa a, wè se bon moman pou yo ta rekonstui rejyon sid la atravè anviwon 900 000 kay konfòtab, men jiskaprezan gouvènman defakto Ariel Henry a pako janm bay yon repons.

Pwofite silans gouvènman an, fondasyon Menaem deside reyini divès kouch moun andedan peyi a, nan lide pou rive bay levanjil la yon mannyè pou rive akouche devlopman andedan peyi Dayiti.

Anpil moun ap poze kesyon, èske peyi enperyalis yo pral bay tout bon vre fondasyon Menaem chans saa pou devlope Ayiti? Èske peyi enperyalis yo fas ak monte peyi sosyalis yo, pral bay peyi Poutine nan chans pou vin devlope tout bon vre nan peyi Dayiti?

Antouka, bò kote peyi k ap defann ide sosyalis yo, yo sèmante fòk jistis sosyal la aplike pou tout moun! Fòk tout moun ka manje! Dwà tout moun dwe respekte! Viv Ayiti! Viv yon lòt relasyon diplomatik ak peyi Dayiti!

Genson HYPPOLITE

Comments are closed.