MSPP: bònn nouvèl sante pou 123 depòte ki te nan karantènn

0 573

Pòtopwens____(TRibOLAND) “Pandan zòt ap swete wè pou lakwa anvayi pitit tè Desalenn nan ak Kowonaviris”, Ministè Sante Piblik ak Popilasyon deklare jodi Vandredi 8 Me 2020 an: tout 123 konpatriyòt ke peyi Etazini te depòte 23 Avwil dènye a, yo tout teste negatif. Kidonk, bonjan nouvèl sante! Yon pa genyen kowonaviris!

Mesye dam depòte sa yo ki te nan katòzènn depi lè yo te rive nan Èpòt Entènasyonal Toussaint Louverture, pran wout lakay yo dapwè otorite MSPP ki felisite travay ak sèvis pèsonèl sant karantènn yo asanm ak ajan PNH yo pou asistans yo nan moman difisil sa.

Konsa, atravè Avi nimewo 37 la, MSPP kontinye raple popilasyon an rete vijilan pandan ke yo ap koutinye respekte pwotokòl sanitè yo pou konbat kowonaviris la.

Leave A Reply