Promès Santral Elektrik prezidan Jovenel Moise te fè popilasyon Pòdpè a ta nan rout pou materyalize

270

12\03\20

Pòdpè_____(TRiboLAND) Vil Pòdpè resevwa 2 manman penba motè yèswa mèkredi 2 desanm 2020. Motè sa yo ki pa gen lontan ke yo antre nan peyi a te transfere nan Nòdwès pou materyalize youn pami yon krèy promès chèf deta a te fè nan vil Pòdpè.

De nouvo init elektrik sa yo pràl pèmèt enèji kouran gaye nan site Kapwa Lamò a ki pase plizyè deseni nan blackout. Konsa, nan sousi pou pa kontinye kite pòdpè ap navige nan dekou etènèl, chèf deta ki ta sanble detèmine pou bay jarèt ak program kouran 24/24 la ki te chwàl batay kanpay politik li.

Init ki rantre nan vil pòdpè yèswa a, pràl gen pou enstale ou dodo meya sou yon strikti Santral Elektrik tou nèf, lòt bò Flèv Twa Rivyè.

Comments are closed.