“Se moman pou peyi Dayiti genyen yon nouvo Manman Lwà”, dapwè prezidan defakto Jovenel Moise

343

04/07/2021

Pòtopwens______(TRiboLAND) “Moman an rive koulya pou peyi Dayiti genyen yon nouvo Manman Lwà, dapwè prezidan defakto Jovenel Moise ki mande pou tout antite nan vi nasyonal la jwe wòl yo nan tèt ansanm nan yon parèy pwosesis. Ansyen chèf deta a ki konplètman inyore fen manda li 7 fevriye 2021 pase a, raple ke se te rèv zansèt peyi a tankou Anperè Jean Jacques Dessalines pou genyen inyon ant tout pitit peyi a.

Dapwè Jovenel Moise atravè yon tweet, yon parèy rèv pat kapab materialize si pa genyen respè youn pou lòt, lapè ak pwogrè. “Pou gen pwogrè fòk kat la rebat, fòk nou chanje konstitisyon an. Pwogrè se rèv zansèt yo te gen pou nou. Pwogrè se rèv Tousen Louveti Liberatè peyi Dayiti”, dapwè Jovenel Moise kap jwe pike devan nan yon pwojè referendum ak Konstitisyon ke majorite peyi Dayiti estime ki ilegal e ki chaje ak pyon mètdàm pou kontinye pwezève vòlè ak kriminèl patikilyèman nan nivo egzekitif.

Jovenel Moise rabat pou li regrete ke: “Apwè 217 lane endepandans peyi ap naje nan deriv toujou”. Ansyen prezidan an mete anpil anfaz sou remanbreman enstitisyon demokratik yo e li detèmine fòk li vanse ak yon parèy demach nan kàd chanje konstitisyon peyi a, yon konstitisyon ke anpil antite nan peyi a konsidere kòm pwojè diktatoryàl pou vann peyi a pak an pak e pou blanchi kon dra blan tòsyonè, kòriptè, kidnapè, kriminèl ki efondre peyi.

Comments are closed.