Direktè meri Senlwidinò a pote yon demanti fòmèl sou enfòmasyon ki ta fè kwè meri a depanse 3 san mil goud pou pwojè reparasyon wout Rivyè Senlwi a.

178
1
Share:
TRiboLAND


07 – 29 – 2024

Senlwidinò, Ayiti____(TRiboLAND) Nan yon rankont ak TRiboLAND lendi 29 jiyè 2024 la, direktè meri Senlwidinò a, Jude Alcindor demanti tout enfòmasyon ki ta fè kwè ke meri a depanse 3 san mil goud minis komès la Ricadin Saint Jean te fè demach pou repare wout Rivyè Senlwi a.

Direktè a deklare kòb la apèn depoze labank, se manèv kap fè pou debloke l pou TPTC kapab kòmanse travay la. Yon lòt bò depi lajan depoze sou kont meri fòk enteryè bidjetize’l. Tout sa yo se reta ki genyen nan travay la. Epi tou se yon pwojè kap koute 17 milyon goud, 3 san mil goud la pap ka kouvri yon ka nan pwojè a. Se yon boukannen sove yap fè pou fasilite moun yo frekante wout la.

Direktè Jude Alcindor bay garanti depi kòb la debloke, tou swit travay la ap demare paske wout devan pon Rivyè Senlwi a reprezante yon danje pou popilasyon kap frekante wout Senlwidinò, Pòdepè, Ansafolè ak Kap Ayisyen.

Share:

1 comment

Leave a reply