NÒDWÈS/SANTE: Simetyè Pòdpè yon danje anviwonnmantal

465

Pòdpè____(TRiboLAND) Jounen mèkredi 8 jwiyè 2020 an, repòtaj TRiboLAND nan depatman Nòdwès la chita sou yon zoom sou kondisyon degradan ak sanitè simetyè Pòdpè a; yon sitiyasyon ki anba je otorite yo ki pa sispann sanble ak yon espas kote kap degaje aprè lagè. Konsa, espas pou repo nanm yo reprezante yon danje iminan pou sosyete pòdepezyènn nan.

Nan fouye zo nan kalalou, nou trouve nou an fas yon simetyè san kloti, zo mò agòch adwat, fatra pa sispann fè moun esplikasyon, kòchon ap taye banda, vye twal mò finn anraje e tounen paviyon kay bawon, planch sèkèy ak vye klou pa epanye vizitè ki gen foli kè plen, santò kadav kap ede mouch soufle tronpèt, mete sou sant matyè fekal kretyen vivan ki pa sispann blaze imaj gran talala ak tchili tchichi bouch rozle nan antèman Gran Toryan nan site Kapwa Lamò a.

Yon sityasyon ki leve plim sou do anpil sitwayen ki gen tikal wont nan vil Pòdpè. Yo pwofite voye yon kri dalam bay otorite konsène yo, notamman lamèri, yo di kap miltipliye resèt sou chak tèt mò pandan yo pa janm fè ti kichòy pou chanje imaj yon parèy anviwonnman ki se yon veritab menas sanitè.

Genson HYPPOLITE, TRiboLAND

Comments are closed.