Nòdwès inondasyon: Perimèt 260 ekta Bèdeyènn devaste san konte plizyè moun ki mouri e disparèt

987

06-05-2023

Bèdeyènn, Ayiti_____(TRiboLAND) Direksyon Akwikilti branch Nòdwès deklare ke li pa konnen ki sen pou li rele, fas ak dega ekstrèm lapli san rete koze nan depatman Nòdwès la, patikilyèman nan komin Bèdeyènn kote ke perimèt rejyon an ki estime a 260 ekta, devaste a 80%. Ajoute ak sa, plizyè moun ta bay planèt la do e yon latriye lòt disparèt nan yon parèy dràm ki pral mete lavi ajenou nan Ba Nòwès.

Yon vilaj pechè ki te nan ke perimèt la Bèdeyènn nan konplètman disparèt; plis pase 500 tèt betay mache pòs yo, alòske enfwastrikti Idwo-agwikòl yo totalman andomaje, daprè sa Agonòm depatmantal la, Charite ta rapòte TRiboLAND.

Nap raple, akote perimèt ki detwi ak dlo ki ale chita nan ke basen vensan yo, genyen egalman anpil estrikti konsèvasyon teren dlo pote ale nan Jan Rabèl, Bonbadopolis, ak Mòl Sen Nikola. Rejyon sila yo pran anpil fwap. Sepandan, tout dlo sa yo ki pase nan rejyon sa yo, kandale desann e anvayi komin Bèdeyènn ki reyèlman devaste.

Konsa, otorite yo ap fè bwas pou finalman sòti ak yon bilan ofisyèl ki petèt pral bay anpil men nan machwè.

Comments are closed.