Nòdwès: Pon Ti Boukan nan komin Basen Ble enpwatikab.

859

06-05-2023

Basen Ble, Ayiti____(TRiboLAND) Gwo lapli kap tonbe sou depatman Nòdwès la, lakòz pon ki sou twonson wout ki relye komin Basen Ble ak Pòdpè enpwatikab.

Dapwè sa anpil moun rapòte, pon Ti Boukan ki pako menm gen 2 lane, fin depatcha anmiyèt moso,e lakòz gwo blokis sikilasyon.

Popilasyon an, nan gwo difikilte pou frekante twonson wout Ti Boukan an ki kondui nan vil Pòdpè. Nan sans sa a, popilasyon an mande ak direktè Travo Piblik branch Nòdwès la, fè yon entèvansyon an ijans pou sove rès pon an ki an mal makak.

Comments are closed.