Konsta agronòm Retone Jose II sou deperisman Flèv Twarivyè bay kè kase

191
0
Share:
TRiboLAND

Nan zye kèk sitwayen avize ak agronòm Retone Jose II, Flèv 3 Rivyè a, ki se youn nan pi gwo moso nan zafè dlo sou depatman Nòdwès la ap fin seche si anyen pa fèt.

04-09-23

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Sou 10 dènye ane yo, se premye fwa nivo dlo a ba konsa nan Twarivyè, sitou lè’w rive nan zòn pas 3 rivyè, pase Latandri pour rive Nan Kann, se konsta agronòm Retone Jose II.

Sou depatman Nòdwès la, kote nou rele Bas Vale a, gen plis pase 2000 ekta tè ke rivyè sa a awoze, perimèt irige sa yo komanse la Hatte pou fini Nan Kann ak Latandri. Perimèt sa yo se fwaye ki bay banann, kann, ariko ak lòt marechè.

Majorite moun kap viv sou depatman Nòdwès peyi a, depann sou Twarivyè, pou repete agronòm Retone Jose II. Jodia, movèz aksyon lòm ak agresivite klima a transfòme flèv la tankou yon senp rigòl.

Pou agronòm nan, nivo dlo nan rivyè a, entèpele l, menm jan ak tout lòt moun ke sijè a enterese. Si anyen pa fèt pou aji sou kòz yo, pita ka pi tris; lè’w konsidere ibanizasyon deja fè disparèt yon bon pati nan chan agrikol yo, klima a ap disparèt rès la si anyen pa fèt.

Sak pi grav la, dapwè agronòm Retone Jose II, nou pral rantre nan peryòd Ete, yon peryòd sèchrès, gen yon rate dlo san presedan, se rivyè a ki konsidere kòm veritab pwen dlo pou moun yo lave, bay bèt dlo, lave machin e pran yon ti beny tou. Alèkile, koulya la gen fanmi ki al pran dlo ladan’l tou pou aktivite menaje padan kalite dlo a ap degrade.

Pou fini, agronòm nan lonje dwat joudal byen long, sou sila yo kap fouye sab nan rivyè a, sa ki lakòz dlo a paka koule byen. Pou agronòm nan, koze klima, se yon gwo zafè, li pa yon rèv, si anyen pa fèt pita pral pi tris!

hyppolitegenson8@gmail.com

Share:

Leave a reply