Lanmè komin Senlwidinò pa sispann voye payèt: li inonde yon kay legliz nan site Siyon.

1,013

   12-24-2022

Senlwidinò, Ayiti____(TRiboLAND) Branch lanmè ki separe komin Senlwidinò ak zile Latòti pa sispann agite ak gwo vag van siwà ki arive inonde yon kay legliz nan site Siyon jis rive nan mache Rivyèdèba.

Site Siyon trè vilnerab, se yon latriye malere 2 bwa balanse kap viv landa’l nan yon kondisyon inasèptab. Se yon seri moun ke bandit e mete deyò nan seksyon yo. Maten jodi samdi 24 desanm 2022 a, granmoun , timoun, plizyè nan kay ak yon “Eglise de Dieu” yo tout ap naja nan lanmè.

Yon kay legliz inonde anba dlo lanmè nan Senlwidinò

Rezidan yo ap fè bwàs pandan ke yap mande konkou pwotesyon sivil ak kwawouj ayisyen pou ede yo pwoteje vi yo ak bagay yo te pwosede.

Yon sitiyasyon ki soulve anpil panik nan mitan popilasyon an kap non sèlman pase yon Nwèl anba grangou, men kap domi yon je ouvè, yon je fèmen nan veye panik lanmè preske chak jou ki jou.

Pierrilien Nicol Colly

Comments are closed.