Dosye asasina Jovenel Moise : yon jij enstriksyon pase ansyen senatè Antonio Cheramy anba entèwogatwa

1,053

06-05-2023

Pòtopwens, Ayiti____(TRiboLAND) Ansyen senatè Lwès la, Antonio Cheramy alyas Don Kato, prezante devan kabinè enskripsyon jodi lendi maten 5 jwen 2023 a nan kad entèwogatwa ak ankèt sou zak asasinay prezidan Jovenel Moise la.

Ansyen senatè a ki te yon advèsè fawouch defen prezidan PHTK a, Jovenel Moise e yon bon boul pik Dimitri Vorbe, pase yon bon bout tan anba entèwogatwa sou lobedyans jij Walter Wesser Voltaire. Li deklare ke li satisfè avèk dewoulman prosès la, ki reyèlman diferan konparativman sa kap pase sou rezo sosyàl yo.

Don Kato, renouvle yon lòt fwa ankò vonlonte li ak kolaborasyon li chak fwa lajistis ta rele’l pou konparisyon.

Comments are closed.