Endonezi : Plizyè moun mouri nan gwo inondasyon sou Lil Florès

331

04/04/2021

Florès, Endonezi______(TRiboLAND) Omwens 23 kretyen vivan mouri e 2 lòt pòte disparu aprè ke Lil Florès nan zòn sid peyi Endonezi fwape anba gwo inodasyon jodi dimanch 4 avril 2021 an, daprè otorite lokal yo.

Lavalas dlo yo ki t’ap bay payèt byen bonè maten an, te arive afekte plizyè distrik sou lil Florès kote ke majorite popilasyon yo se katolik; gwo lapli te kòmanse ap bay payèt kèk tan avan selebwasyon fèt Pak la. Konsa, 23 kò san vi e lakoz 9 moun blese ak 2 lòt ki disparèt, anpil pon ak wout konplètman andomaje nan zòn oryantal lil Florès, san konte plizyè dizèn kay ki kouvwi ak labou, selon rapòtè ajans nasyonal kap jere katastwòf, Raditya Jati.

Nan moman sa, vil Bima ap pran lanm alòske lil Andonara se inik wout maritime ki aksesib, men kondisyon metewolojik yo tèlman dejenere sa ran li pa fasil pou moun travèse, toujou daprè Jati ki t’ap depoze bay AFP.

Comments are closed.