Plizyè polisye pwoteste devan lokal BNC

2,536

Louis Jameson

03/17/2022

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Swit ak devouman enstitisyon polisyè a depi kèk jou kont zak kidnapping, ensekirite k ap wonje peyi a. Plizyè polisye pwoteste nan zòn Dèlma 54 devan Bank Nasyonal Kredi (BNC), jounen jedi 17 mas 2022 a.

Pwotestasyon sila rive manniganse, nan kad yon frè 15000 goud ke leta ayisyen abitye mete sou kat debi yo chak mwa ki, selon yo menm, poko disponib. Konsa, sa ki lakoz plizyè polisye nan enstitisyon an move tankou kong.

Kidonk, pwotestatè sa yo chita kè pòpòz ap tann repons favoràb nan men mouche leta nan lide pou jwenn yon grabday sou ti kat debi yo.

Comments are closed.