Ba Nòwès : Bèdeyèn ap pran lanm anba move kout mato entanperi

Bèdeyèn, Ayiti______(TRiboLAND) Gro lapli kat tonbe depi plizyè jou nan Ba Nòwès mete plizyè rejyon nan kalamite, patikilyèman komin Badeyèn kap naje anba move kout mato entanperi san parèy.
Selon yon korespondan TRiboLAND, komin Bèdeyèn ap fè fas ak yon sitiyasyon klimatik enkontwalab; rezidan yo ki te deja pa genyen oken mwayen pou fè yon seri prevansyon siklonik, depase anba firè ak tenasite katafal aktivite lapli dlo desann ki menase rejyon an.
Dega yo pa piti; jaden devaste ou kraze plat atè, anpil tèt betay ta mache pòs yo, alòske plizyè moun te oblije ap fè planch e pran refij nan lokal pawas Sen Michèl la, ki deja konjesyone. Mizèrere sila ke anpil moun kalifye kòm dega inimajinab, paralize tout aktivite e lage plizyè komin nan Ba Nòdwès nan latoumant.
Dega yo miltip sevre, sepandan otorite anplas yo pa genyen bilan evantyèl depresyon klimatik kap bwase bil divès komin nan Ba Nòwès peyia ki te deja genyen yon prezans Leta limite ou yon sosyete sivil an malmakak.
Nap raple, se chak ane inondasyon toujou achte lajan kontan divès komin tankou: Mòl Sen Nikola, Bonbadopoli, Bèdeyèn e latriye; alòske gouvènman koupyon Pòtopwens yo, pa janm pwevwa yon plan drenaj ou amenajman ki te kapab limite dega yo chak ane.
Antouka, elas ak sangwen ki pran direksyon peyi a an notaj, randevou kase ane pwochen pou yon lòt inondasyon ankò nan menm lè a e nan rejyon an.






