Otorite Turks and Caicos mete men sou 30 migran ayisyen nan yon voyaj anbachal.

1,084

Cockburn Town, Turks and Caicos_____(TRiboLAND) Otorite kap siveye espas dlo sale peyi Turks and Caicos, konfime ke yo mete men sou batiman ki te genye abò 30 migran ayisyen yè samdi 20 me 2023 a.

Daprè otorite turk yo, batiman tap pran sakad nan zòn sidès zile yo, e li te an detrès “pote sekou”. Konsa, yo arive sove lavi 20 gason, 9 fanm ak yon ti bebe inosan 2 lane ki te nan gro difikilte.

Konsa, li pa yon mistè pou pèsòn ke malere ayisyen sa yo ap kite lakay yo ki envivab, yon kote politicyen ak richyen efondre nan tout nivo.

Comments are closed.