BMPAD inogire yon plas piblik nan Karis ki pote non “Serge Gilles”

1,235

05-21-2023

Moun Karis benefisye ofisyèlman yon plas piblik tounèf jodi dimanch 21 me 2023 a. Se anba lobedyans Direktè Jeneral Biwo Monetizasyon Pwogram Èd Devlopman an, Fils-Aimé Ignace Saint-Fleur, plizyè pèsonalite politik melanje ak sivil tap patisipe nan seremoni inogirasyon yon plas piblik nan lokalite “La Rose Bonite”, dezyèm seksyon kominal Karis, depatman Nòdès peyia.

Direktè BMPAD la, Fils-Aimé Ignace Saint-Fleur te esplike rezon fondamantal ki fè yon parèy enfwastrikti piblik pote non “Serge Gilles” la. Yon parèy desizyon, antre nan kad omaj ak chabo ba pou yon dirijan politik ki te yon bon egzanp e ki te egalman trase wout pou yon lòt generasyon politik, kote mwen menm ap evolye koulya. Li ajoute pou li raple tout moun, ke defen Serge Gilles ki kite planèt la nan mwa fevriye 2021, te travay anpil pou entwodwi konsansis nan politik peyi Dayiti a atravè “Espace de Concertation” nan lane 1999, sou prezidans René Garcia Préval.

Nan moman seremoni inogirasyon an, Majistra Titilè Karis la, Amide Gabriel ansanm ak manm Konsèy administrasyon seksyon kominal “La Rose Bonite”, pat kache kontantman yo fas ak yon trè bèl enfwastrikti piblik ki se yon “bijou” pou komin Karis.

Nap raple, plizyè politisyen tankou: Jocelyn Louis, Cléanta Bien-Aimé ak plizyè lòt gro motè politik nan depatman Nòdès te enpoze prezans yo nan gro sòlòkòtò sila a, ki se “Plas Serge Gilles”

Comments are closed.