Doktè Kaly Wech, kòdonatè Estrikti Sosyal Angajman, mande Jenès la “Reveye Yo” nan Grandans

1,268

05-21-2023

Grandans, Ayiti____(TRiboLAND) Fas ak degradasyon ki genyen nan tout domèn leta a kou nan sosyete sivil la, kit sou plan ekonomik, sosyal, familyal, kiltirèl, politik, ekolojik, e latriye, Doktè Kaly Wèch ki se Kòdonatè Mouvman Angajman nan Grandans, mande Jenès la alawonnbadè pou pran desten avni anmen pou pita pa pi tris.

Pou Doktè Kaly Wech, fòk jèn fanm ak jèn gason yo nan depatman Grandans lan ranmanse karaktè yo; pou yo pa vote abolotyo, zago loray ou politichyen sangwen pou 1000goud san teni kont de sa yo kapab fè peyi kòm mal nan likide l pou enterè mesken yo.

Finalman jènn lidè Mouvman Angajman an, deklare nan mikro TRiboLAND ke genyen anpil ayisyèn, ayisyen ki pa genyen “peyi derechanj” , Ayiti ou Grandans se pa nou, “ann mete men ansann pou kreye yon anviwoman vivab”, kote ke nou kapab viv tankou moun.

Comments are closed.