Vil Okay leve ak gwo tasyon tranble janm ak barikad anflame maten an.

854

02 – 06 – 2024

Okay, Ayiti___(TRiboLAND) Vil Okay bloke nan tout tikwen depi yèswa jis rive madi 06 fevriye 2024 la, ak gwo barikad anflame, nan objektif pou egzije depa gouvènman san sal Ariel Henry a.

Zòn Mache Jedi, Vènè ak sou wout nasyon nimewo 7 la, pat gen espas menm pou yon bisiklèt travèse.

Fòn raple w gen plis pase 4 semèn depi lekòl pa fonksyone; se tout aktivite nan metwopòl Sid la ki paralize. Manifestan yo ap mande chanje sistèm sousèt la pou debloke wout yo, kote yo mete bandi ap opere pou satisfè pwòp tèt yo epi popilasyon ap vin pi pòv chak jou ki jou.

Popilasyon an denonse move sitiyasyon, grangou, ensekirite lavi chè kap depafini ak yo nan depatman Sid la.

Comments are closed.