ONM akiyi yon latriye 226 migran ayisyen ki soti nan peyi Latuki

03 – 11 – 2025
Pòtopwens, Ayiti_____(TRiboLAND) Ofis Nasyonal Migrasyon (ONM) akeyi an gran panpan 226 migran ayisyen nan ayewopò Entènasyonal Tousen Louvèti jodi madi 11 mas 2025 lan; konpatriyòt sila yo ki rapatriye depi peyi Latuki, tap pran anpil brimad ak difikilte pou yo retounen lakay yo.
Group migran sila yo, ki te genyen ti inosan pami yo, te benefisye akèy minis Afè Sosyàl la, Georges Wilber Franc ak tout direktè ONM lan, mesye Jean Negro Bonheur Delva. Selon minis lan, malgre siyasyon sekirite malouk peyi a, patriyòt sila yo estime retounen lakay depreferans.
Minis Franc rabat pou li di, se yon siyn avètisman pou otorite alatèt yo, ki anpil fwa pa montre volonte pou bati lakay nan yon pi bon mèyè kondisyon lavi pou pitit tè Dayiti.






