Otorite ayisyèn ak meksikèn diskite sou sitiyasyon iregilyè migran ayisyen yo nan peyi Meksik

1,741

09/18/2021

Meksiko______(TRiboLAND) Yon delegasyon ayisyèn ki te genyen nan tèt li minis Afè Lòt Bò Dlo ak Kilt la, Claude Joseph rankontre e diskite yè jedi a avèk Institut National de la Migration (INAMI) nan peyi Meksik, dapwè yon kominike minister a fè sòti.

Tou 2 peyi yo te santre diskisyon yo sou sitiyasyon migran ayisyen yo, tretman deman azil yo ak modalite rapatriman yo. Antouka, Ayiti ak Meksik antann yo pou genyen bonjan kowòdinasyon nan aksyon ke yap poze pou deplwàtonnen ou solisyone mizèrere ki gen pou wè avèk migran ayisyen sou tèritwà meksiken an.

Nap raple visit delegasyon peyi Dayiti a, antre nan kàd selebwasyon 200èm anivèsè endepandans peyi Meksik ak Somè Kominote peyi Latino-ameriken yo.

Comments are closed.