Gouvènman brezilyen an lanse pwogram reyinifikasyon familyal pou tout ayisyen kap viv nan peyi Brezil.

1,037

12-18-22

Ayisyen pa bezwen viza pou rantre nan peyi Brezil, selon dènye desizyon otorite peyi a nan kad pwogram reyinifikasyon familyal la.

Pòtopwens, Ayiti____(TRiboLAND) Nan lide pou pete kouri kite peyi a kont lamizè, grangou, mal site ak ensekirite, plis pase 200 mil sitwayèn ak sitwayen ayisyen arive migre nan peyi Brezil san pitit yo, madanm oubyen mari.

Pou palye ak sityasyon sila, gouvènman brezilyen an lanse yon pwogram reyinifikasyon familyal anfavè tout ayisyèn e ayisyen kap viv nan peyi Brezil. Pwogram sa a pral fasilite, divès sitwayèn e sitwayen rantre fanmiy yo (pitit, madanm ak papa) nan peyi Brezil san viza.

Sepandan sitwayèn ak sitwayen ayisyen yo ap bezwen ranpli yon dokiman nan Tribinal Premyè Enstans Brezilyèn, dapwè Lakou Siperyè Jistis Peyi Brezil. Lakou a ale pi lwen pou fè konnen, san yon desizyon jidisyè pyès ayisyen pap ka foule sòl brezilyen an.

Pou prezidan Lakou a, Maria Thereza Assis Moura, li enpòtan pou timoun yo rejwenn fanmiy yo nan peyi Brezil, paske se yon dwa ke yo genyen.

Nap soulinye, gouvènman brezilyen an mete sou pye gwo pwogram sa a, se an fonksyon kantite demand ayisyen yo fè nan anbasad Brezil nan Lakou Pòtopwens.

Comments are closed.