Marie Kena Louis yon elèv lekòl ankouraje ministè edikasyon nasyonal dispanse kou sou Anviwonman nan sal klas yo

386
0
Share:
TRiboLAND

Jeremi- Ayiti (TRiboLAND) Marie Kena Louis, elèv sizyèm ane fondamantal nan lekòl nasyonal Kafou-Sanon nan Jeremi, mande ministè edikasyon nasyonal, anseye disiplinn sou syans anviwonmantal.

Pou Marie Kena Louis, yon politik ki akse sou “Anviwonman Entegre”, ap pèmèt aprenan nan klas primè yo, apwann pwoteje ak renmen anviwonman yo, e yo ap egalman patisipe nan rebwaze zòn debwaze yo. Konsa, ap gengen plis konsyantizasyon sou yon koz ki vital e ki kapab pwomote yon sante djanm akoz absans polisyon.

Pou kèk kritik, obsèvasyon elèv sizyèm ane fondamantal, Marie Kena Louis, dekoule anpil konsèy ak sajès fas ak degradasyon ekolojik kap bwase bil peyi a. Konsa, li genyen anpil leson pou li ta bay anpil nan kèt fo dirijan ki pase nan tèt ministè Anviwonman ki pa sispann jwe “jwèt atè plat”.

Share:

Leave a reply