Imigrasyon Bahamas rapatriye 110 migran ayisyen

479

06/05/2021

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Ministè imigrasyon Bahamas deklare ke li detèmine pou mete yon seri baliz djanm anplas yon fason pou li kapab reje espa maritime li jan lalwà pwevwa li nan achipèl atlantik la.

Konsa, apwè ke Fòs Defans Wàyàl Bahamas yo te fin entèsepte yè lendi 31 me 2021 an, yon vwalye ki fè nofraj avèk 150 migran ayisyen ki te abò, pami yo te genyen 30 ki disparèt, 110 te jwen lavi sov gras ak dilijans kò sekouris, dapwè yon rapòtè Fòs Defans Wàyàl Bahamas la, Origin Deleveaux.

Selon imigrasyon, tout moun sa yo ki arive chape a, te ilegal, dapwè Wybeg Brown yon responsab imigrasyon ki konfime transfè migran ayisyen sa yo nan peyi orijin yo abò avyon Bahamas Air, yon pwosesis ki te respekte tout pwotokòl kont pwopagasyon kovid-19 la.

Comments are closed.