Tigwav mach relijez: plizyè milye kretyen katolik mache nan la ri nan kad yon pwosesyon chemen kwa.

1,006

04-08-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Plizyè milye kretyen katolik mache nan la ri Tigwav maten vandredi sen, 7 avril 2023 a, nan objektif pou raple jou Jezi Kris te mouri pou sove limanite.

Se reveran Pè Boniface Senat ki te nan tèt aktivite relijez la. Kretyen katolik yo te vizite 13 estasyon sou pakou yo. Lè yo rive nan chak estasyon, yo chante, yo priye e yo li bib la, yon fason pou montre kòman Jezi te soufri e mouri pou te sove planèt la.

Nap raple, se chak ane kretye katolik yo tradisyonèlman òganize gro sòlòkòtò relijez sa yo, nan objektif pou raple sakrifis enpeyàb Jezi Kris sou kwa Golgota a.

JOICY Arnold

Comments are closed.