Dwayen Tribinal sivil premye enstans Tigwav la, Mèt Duclair Fritzner prezante bilan asiz kriminèl san asistans jiri ki te dewoule soti 28 novanm pou rive 7 desanm 2022 a.

906

12-15-2022

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) 9 moun kondane, 4 lòt libere, 3 ka ranvwaye epi yon lòt ka jij la te tande men ki pako rann desizyon; se bilan asiz kriminèl san asistans jiri ki te dewoule soti 28 novanm pou rive 7 desanm 2022 dènye a, dwayen Tribinal sivil premye enstans jiridiksyon Tigwav la, Mèt Duclair Fritzner prezante bay laprès jounen jedi 15 desanm 2022 a.

Dwayen Duclair Fritzner deklare tout bagay te dewoule san oken kontrent; e tout ekip la te mobilize pou yo fasilite modalite ke travay la te egzije.

Mèt Duclair ki fè konnen te genyen anviron 17 dosye ki te nan kondisyon pou resevwa jijman. Li raplee misyon ekip la,se travay pou konbat fenomèn dentansyon preventiv prolonje a nan jiridiksyon Tigwav la.

Toutfwa, dwayen Tribinal sivil premye enstans jiridiksyon Tigwav la, Mèt Duclair Fritzner lanse yon SOS bay leta ayisyen atravè minis jistis ak sekirite piblik la, pou mete bon jan mwayen ekonomik ak lojistik disponib yon fason pou fasilite tribinal la òganize asiz kriminèl avèk asistans jiri.

Daprè chèf Tribinal la, genyen anviron 20 dosye ki nan neta pou resevwa jijman.

JOICY Arnold

Comments are closed.