Direksyon rejyonal (MTPTC) tanmen yon konstwiksyon dalo ak aktivite kiraj nan lokalite Bayilòd, nan Tigwav.

1,086

04-08-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Direktè Travo Piblik, Transpò ak Kominikasyon nan rejyon gwavyènn nan (MTPTC), ki genyen nan tèt li, Enjenye Franck Celestin, tanmen ak tout ekip li jounen samdi 8 avril 2023 a, yon konstwiksyon dalo ak aktivite kiraj sou wout nasyonal nimewo 2 a, nan yon lokalite Bayilòd ki sitiye li tou pre sant vil Tigwav.

Objektif yon parèy santye, se arive amelyore soufrans tout moun kap frekante wout Gran Sid la, ki souvan bloke akòz anbouteyaj kanal yo kap devèse tè sou wout nasyonal nimewo #2 a.

Abitan yo ki bat bravo e eksprime kontantman yo pou yon parèy desizyon direksyon rejyonal MTPTC pran pou konstwi yon dalo epi fè kiraj rigòl yo nan zòn nan. Selon sa sitwayen eksprimemi atravè mikwo TRiboLAND, yo te toujou genyen gwo kè sote chak fwa yo wè tan an mare nan tèt mòn nan, yap domi yon je louvri, yon je fèmen.

Sitwayen yo ki presize, lè li fè solèy, yap benyen yap nan pousyè; sepandan lè lapli tonbe, se yon lòt kalamite ankò, kote yo pa sispan’n benyen nan labou fatra, dlo sal e sa ki fè yon gwo enpak negatif sou sante yo nan kominote a.

 Yon lòt bò, yon lòt group sitwayen pap mete dlo nan bouch yo pou kritike otorite yo nan la meri, yo di ki pa janm pran oken desizyon pou anpeche yon seri abitan kap fè konstwiksyon anachik nan tèt mòn yo degèpi yo. Yo rete kwè se sa ki lakoz sitiyasyon degradant sa a, kap pwodwi nan zòn nan.

JOICY Arnold

Comments are closed.