Lameri Tigwav lanse ofisyèlman yon restoran kominotè nan otèl vil la.

199
0
Share:
TRiboLAND

10 – 10 – 2026

Tigwav, Ayiti ____(TRiboLAND) Lameri nan Tigwav dekonsè ak ministè Afè Sosyal, lanse ofisyèlman vandredi 09 oktòb 2026 lan, louvèti yon restoran kominotè nan otèl vil la pwovizwaman.

Daprè majistra enterimè meri Tigwav la, Fedner Admirable Hilaire, restoran sila a, genyen kapasite pou bay 1000 moun manje chak jou. Yon moun pa bezwen lajan pou manje yon plat manje cho pou moman sa a; pandan li presize manje a dwe pare a midi boul.

Toutfwa, ajan egzekitif enterimè meri Tigwav la, Fedner Admirable Hilaire mande tout sitwayen k’ap genyen pou vin manje nan restoran an pou yo fè prèv moun sivilize, itilize disiplin , li ankouraje yo pou respekte tout sa ki nan espas la; pa kraze, pa brize, li kwè se sa k’ap pèmèt yo voye yon pibon imaj ale deyò.

Share:

Leave a reply