Grandans : Wout Nasyonal nimero sèt lan an mal makak, depi aprè goudou goudou 14 dawout 2021 an

293
0
Share:
TRiboLAND

Jeremi, Ayiti ( TRiboLAND) Lib sikilasyon sou wout nasyonal nimero sèt lan, depi aprè tranbleman tè 14 dawout 2025 lan, ap bay anpil lawouli patikilyèman nan zònn ranp Fanm – Pa Dwa, Kòbera ak Andre pou’n site sa yo sèlman. Genyen menm gwo wòch deboulonnay tè ki rann sikilasyon an prèske enpwatikab.

Fas ak sitiyasyon kaotik sila sou nasyonal nimero sèt lan, sekans aksidan yo, pa manke ap pran jarèt e anpil fwa okazyone lanmò ak blese pakèt ak latriye.

Sitwayènn ak sitwayen kap frekante twonson wout ki relye Jeremi – Okay, mande minis travo piblik transpò ak kominikasyon an, Raphaël Hosty pote asistans nan pwoblèm eboulman ou deboulonnay tè ak gro wòch ki barikade pasaj pou plizyè kilomèt wout. ‎

Share:

Leave a reply