Yvenel Milca ak Claudyson Lavoile denonse jij denstwiksyon Christophe Jean Michel, yo di ki vòlè jistis yo.

807


05 – 07 – 2024

Tigwav, Ayiti ____(TRiboLAND) Yvenel Milca ak Claudyson Lavoile se non 2 jèn gason ki denonse jij denstwiksyon Christophe Jean Michel, yo di ki libere Johnny Brignol ki te asasinen yo ak plizyè kout kouto bò kou ak bò kòt yo, nan dat madi sen 26 mas pase a, nan Vyalè premyè seksyon, lokalite nan monben, yo fè seri deklarasyon sa yo, jounen madi 07 me 2024 la, nan mikwo laprès, nan lakou tribinal sivil premye enstans jiridiksyon Tigwav la, ozanviowon 2 zè pm.

Jij Christophe Jean libere Jhonny Brignol sou preteks pou li pa pèdi rès ane lekòl li, san konsantman kabinè avoka yo, daprè sa viktim yo rapòte. Yo fè konnen lajistis la pa ta dwe ap fonksyone konsa, yo kwè lajistis pa la, pou l satisfè yon ti gwoup moun pandan grand majorite a, ap vikti. Nan sans sa a, yo reklame jistis ak reparasyon.

Jounalis an menm tan defansè 2 viktim yo, Gladimyr Vaval, sou bò pa li, pa manke mo pou denonse jij denstwiksyon Christophe Jean Michel, li di ki libere bouwo Jhonny Brignol ki nan lari anba je tout moun epi li kontinye ap fè menas sou fanmi viktim yo.

Toutfwa, defansè Gladimyr Vaval, anonse yon manifestasyon lendi 13 me 2024 kap vini la a, kap siyonnen tout vil Tigwav, ki pral bout devan tribinal sivil premye enstans Tigwav la, nan lide pou reklame jistis pou kliyan yo ak tout lòt moun yo vòlè jistis yo.

Comments are closed.